Si w vle reyisi swiv egzanp èg yo

in #eagle6 years ago

egzanp eg2.jpgegzanp eg1.JPG

Egzanp 1)
èg yo tèlman wè lwen, yon èg ka wè yon bagay ki nan distans ki pi lwen pase yon kilomèt, epi li gen kapasite pou l fikse yon lot bèt li vle manje depi byen lwen, e lè l fikse bèt la, li pap kite anyen fè l dekonsantre sou sa l ap fè a, konsa l ap pran fasilman sa l vle pran an. Nan ki sans sa enpotan pou nou? Ebyen menmjan ak èg la,nou dwe fikse lwen pou n ka wè nenpot opportinute ki devan nou menmsi nan yon sans opportunite sa ta paret lwen, epi menmjan ak yon èg nou dwe rete konsantre sou objektif nou genyen yo, konsa pou n ka atenn yo.

egzanp eg.jpg

Egzanp 2)
èg yo ka monte byen wo, epi yo ka rete anlè pandan plizyè èdtan, pou yo ka fè sa yo sèvi ak kouran lè cho k ap monte yo, jan nou wè sa nan imaj la. Depi li jwenn yon lè cho. li ouvri zèl li epi li kontoune lè cho sa ki fè l monte pi wo, konsa sa pèmèt li vole wo epi plane nan yon distans ki long anpil. Kisa sa ka aprann nou? Menmjan ak èg la ann sèvi ak tan nou e kapasite nou pou n reyisi nan lavi a, menmjan èg la sèvi ak yon ti kouran lè cho pou l ka monte pi wo epi plane nan yon distans ki byen long. Ann aprann idantifye bagay ki tou otou nou pou n ka ale pi lwen nan lavi a, epi pa kite okenn opotinite nou jwenn pase san nou pa poze aksyon. èg la pa kontan sou pwop fos li tou pou l reyisi, olye pou èg la nan plede bat zèl li pou l monte wo epi plane lwen, lu konte sou èd kouran lè cho yo ap ba li. Menmjan ak èg la ann pa konte sou fos pa nou sèlman gen bagay si nou vle reyalize yo n ap bezwen gen lot moun avèk nou, ansanm n ap ka reyalize anpil bagay. Si nou swiv egzanp èg yo, n ap reyisi nan lavi a, e n ap fè siksè nan tout sa nap fè. Si nou renmen egzanp èg la, resteemepi upvote pou li.

@neliohaiti

Sort:  

Mwen apresye teks ou a.
Li fè yon aksyon ki mande refleksyon.
Mwen byen kontan wew sou #cryptonewshaiti epi annou vanser pou pi devan ak #cryptomass.
Eske ou gen lôt bèt kom egzamp pou nou ?

Bon m ap toujou chache kek bagay an patikilye kay chak bet epi we kijan egzanp li ka ede n anvanse, nan lit n ap mennen chak jou yo pou n reyisi, paske lanati ka ede n reyalize rev nou.

Ou ekri anpil bèl post frè’m. Kontinye pataje bèl ide konsa avèk nou.

Merci map kontinye

Mwen egzanp ou pran yo.
Nan lavi sa chak fwa yon nonm vle reyisi ou sipoze moute pi wo ke posib pou w ka sipase tout obstak ki ka paret devanw!

esa oui. Men u konn vle vole e gen moun ki la kap ralew tout lesa a u k panse e u ki pa vole ase.

Wi n ap touche jwenn sa nan lavi kote gen moun ki vle dekouraje n oswa k ap simen move zèb pami bon plant n ap plante men se detèminasyon nou ki konte.

Eg se vreman yon model reyisit

Merci pou vote ak commentaire nou, sa montre m efo m yo pa pou granmesi

Bel article men , menm mpat janm konn sa yo kenbe konsa