Foumi: egzanp pou tout moun ki vle reyisi swiv

in #foumi6 years ago (edited)

fourmi2.jpgfourmi.jpg
gade kijan labib ekri sou foumi yo: Ale kot foumi yo, parese;
Gade jan yo travay pou w ka vin gen bon konprann.
Malgre yo pa gen okenn kòmandan, ni chèf, ni moun k ap dirije yo,
yo prepare manje yo nan sezon lete,
Apre sa, yo ranmase manje y ap bezwen nan sezon rekòt la. ou menm parese pandan
Konbyen tan, w ap rete kouche la?
Kilè leve nan dòmi?
Yon dòmi ti kras, yon ti kabicha,
Yon ti kwaze bwa pou pran yon ti repo, enben povrete ou ap vini tankou yon bandi sou ou, w ap vin telman nan nesesite, se toukou yon moun ak zam ki vin atake w
(Pwo 6: 6-11)

fourmi3.jpg
Nan tout bèt, foumi yo se bèt ki sanble ak moun pi plis la, se pa nan fòm ekstèn yo ak gwosè, men pa konpòtman yo. Tankou nou, yo mache sou tè sèk, viv nan sosyete a ak bati kay ki gen anpil etaj. Antre yo, yo fè tout kalite sèvis, travay ansanm epi konprann youn ak lòt. Yo malen e yo zele! Lè m ap gade yon bann foumi k ap travay ansanm, m di waw ala bèl sa bèl lè gen tèt ansanm. Epi foumi yo gen detèminasyon, yo toujou ap travay, yo toujou ap prepare sa y ap gen bezwen demen, epi yo fè ekonomi paske yo sere nan sa yo rekolte yo. Detèminasyon, Kouraj, tèt ansanm, klèvwayans se kèk nan kalite nou ka emite lakay foumi yo, e moun ki imite kalite sa yo rayisi nan lavi a. M swete apre ou fin li atik sa pran yon ti tan pou w wè kijan ou kapab imite foumi yo nan lavi w chak jou e konsa w ap reyisi toutbon.

Si w apresye atik sa pa bliye pataje l ak lot moun.

Sort:  

Se bel ezamp wap pran wi la.
Foumi toujou ap travay.
pa gen parese di tou nan bet sa a .
Annou vanser

Merci @zeugen pou komante w la, foumi se youn nan bet m renmen anpil kom métaphore, paske yo toujou ap travay, epi yo renmen travay an ekip

Congratulations @neliohaiti! You have completed some achievement on Steemit and have been rewarded with new badge(s) :

Award for the number of comments

Click on any badge to view your own Board of Honor on SteemitBoard.

To support your work, I also upvoted your post!
For more information about SteemitBoard, click here

If you no longer want to receive notifications, reply to this comment with the word STOP

Upvote this notification to help all Steemit users. Learn why here!

Si nou te gen displin foumi ak fason yo panse kominote nou tap lwen deja.